Kisa Protecta ye
Sa te pran AIC 2 lane pou li fè rechèch andedan tout peyi a, travay ak fè analiz anvan li te ka vini sou mache ayisyen an ak yon kokennchenn pwodwi ki kapab reponn ak bezwen tout popilasyon an nèt. Se konsa nan dat kite 13 Avril 2009 la AIC lanse Protecta.
AIC te devlope nouvo pwodwi sa a pou pèmèt yon ameliorasyon kalite lavi moun kap viv an Ayiti nan ede yo pote dènye chay antéman. Nou ka konsidere Protecta tankou yon zouti an plis nan lavi moun nan Peyi a paske li kapab reponn ak bezwen tout moun kelkeswa moun ou ye a . Protecta jwe yon bèl wòl nan lit kont lamizè sou tè Dayiti lè li retire anpil nan vilnerabilite fanmi kap fè fas ak ka lanmò.
Lè nou devlope patenarya djanm ak pi gwo ponp finèb na peyi Dayiti, epi ak plisyè lòt gwo enstitisyon pou nou kapab fè distribisyon Protecta kòm sa dwa, nou genyen posiblite fè popilasyon an konprann ak rekonèt enpòtans asirans ak kilti asirans nan peyi a.
Moun ki elijib:
Protecta disponib pou tout moun ki genyen sòti 12 pou rive 65 lane
Ou pa bezwen al fè ekzamen medikal
Protecta mande ou rete tann 6 mwa lè ou fin enskri pou lavi ou kouvri. Nan ka aksidan Protecta ap pran antèman moun ki asire a sou kont li san grate tèt.






