Aprann konnen AIC

Alternative Insurance Company ou byen AIC se yon konpayi asirans ke yon nouvèl jenerasyon asirè kreye nan dat kite 17 desanm 2001. AIC pote pou tout kouch sosyal ki nan peyi Dayiti yon konkenn chenn ekspètiz ak yon vizyon nan domèn asirans.
Si, AIC gentan byen chita konsa sou mache a, se gras a eritaj 75 lane eksperyans Agence Barrau et Fils te kite pou li. Li vini tou ak lót estrateji, kèk pwodwi ak sèvis ki ale nan sans kliyan li yo.
Nan 10 lane sèlman, AIC gentan kapte pifó mache asirans lan nan peyi Dayiti. Li twouve’l jodi a pami pi gwo konpayi asirans nan peyi a.Li fasil pou nou konpran ke li se yon antrepriz ki rantab anpil. Nan lane 2006-2007 ak 2007-2008 dapre rapò DGI, AIC se konpayi ki peye plis taks nan sektè asirans lan.
Konesans ak eksperyans AIC genyen nan domèn asirans la pèmèt li tanzantan entwodwi kèk nouvote sou mache local la. Nou ka site : Asirans sante ki adapte pou kiyantèl la, asirans vi, asirans pou kay, asirans pou biznis, asirans pou machinn, asirans chantye pou lè wap bati, mikwoasirans pou moun ki pa gen gwo mwayen, ak asirans antèman.
AIC genyen gwo konpayi reasirans entènasyonal kap kore li ak bon jan teknoloji tou nèf, ki pèmèt tout desizyon ekzekite rapid rapid.
Pou asire yon sèvis de kalite bay tout kliyan li yo, sa mande yon staf ki byen fóme.Pou sa AIC toujou sipòte ak ankadre pèsonèl li epi bayo opòtinite pou yo ale pran bon jan fòmasyon nan peyi etranje ki genyen pi gwo lekòl asirans.Se sa ki fè se yon bann pwofesyonèl kalifye,byen prepare ki fè pati ekip sa a.
AIC kontribye anpil nan lit kont la mizè nan peyi Dayiti , lè li te vini ak pwogram “Mikwoasirans”.
Nan menm kad "Mikwoasirans" lan, AIC make pwen yon lòt fwa ankò lè li vini ak yon lòt kalite asirans ki rele “ Protecta” yon asirans finerè pou ede tout fanmi ki pa touche anpil kòb yo.
AIC jwe yon wòl enpòtan nan prevansyon ak depistaj maladi lè li voye malad yo nan rezo sant sante li a, ki ba yo bon jan laswenyay.
AIC fè alyans ak plizyè enstitisyon nan peyi a, tankou: Banque Nationale de Crédit ( BNC),Fondasyon Kole Zepòl (Fonkoze) ak Sogesol .Pou premye fwa an Ayiti, AIC ak patnè li BNC mete sou pye depi nan lane 2008 sa yo rele “Bankasirans”. Kounyea pwodwi asirans yo disponib nan tout sikisal BNC nan pi bon pri.
Nan mwa Oktòb 2008, AIC te gen chans pou li te patisipe nan 4 ièm konferans mondyal sou zafè mikwoasirans ki te fèt nan peyi Colombie, sou lobedyans “ Fondasyon Munich Re” kote prezidan kolonbyen an “Son Excellence M. Alvaro Uribe “te prezante vizyon li sou wòl asirans genyen pou li jwe nan ekonomi yon peyi.
AIC te pami 3 kandida yo te seleksyone sou 40 lót pou li te vin pataje eksperyans li avek 500 gwo ekspè entènasyonal.
Pou ekzekite nouvo pwojè Asirans finerè Protecta a, AIC te pami 10 sou 140 kandida ki te sóti nan plizyè peyi ki te benefisye sipò finansye Fondation Bill ak Melinda Gates atravè Biwo Entènasyonal Travay (BIT).
Apre li fin ranpòte “1 er Prix Concours Pionniers de la Prospérite’’nan dat kite 23 jiyè 2009 la, AIC santi li fyè dèske li mennen antreprenarya ayisyen an sou sènn entènasyonal la. Li te sèvi modèl ki ta dwe enspire jenerasyon antreprenè kap vini yo nan tout karayib la.
Twofe sa a ke AIC dekwoche devan lòt konkiran li yo vini ak yon chèk 75 000 dola USD. Lajan sa a ap sèvi sèlman pou fòmasyon anplwaye li yo.
AIC ap fè nou konen ke lap toujou la pou li ede ak sipote nou.
Get the Flash Player to see this player.





















