FrançaisKreyolEnglish

Patnè nou yo

logo BNC

Bank Nasyonal Kredi ( BNC) se twazyèm  bank nan peyi Dayiti, lè nap gade valè aktif li genyen pou plis pas 37 biwo nan tout peyi a. Nan lide pou li toujou di pou  tout popilasyon an, nan mwa Janvye 2008 la BNC vini sou mache a ak sa yo rele bankasirans pou premye fwa an Ayiti. Pou rann  pwojè sa a posib, kote tout moun nan peyi a ta pral genyen aksè ak pwodwi asirans atravè labank, BNC mete ansanm ak konpayi asirans djanm ki se AIC, konpayi asirans nimewo 1 and peyi Dayiti.

 

logo Sogesol

SOGESOL se yon enstitisyon  bank prive ayisyen SOGEBANK mete sou pye nan lane 1999. Misyon enstitisyon sa a se fè pwomosyon antreprenaria ayisyen, menm lè se model labank tradisyonel yo itilize yo respekte bezwen mikwo antreprenè yo pandan ke yap asire antrepenè sa yo rantab. SOGESOL ofri lòt kalite sèvis finansye tankou pwogram kredi pou anplwaye, ak ouvriye kap travay nan izin.

 

Nan ane 2009 pou lansman asirans finerè Protecta a AIC te mete ansanm ak SOGESOL pou li rann pwodwi Protecta pi aksesib bay tout moun an ki la pou li reponn ak bezwen tout kouch popilasyon an nèt.

logo Fonkoze

Fonkoze, se ti non jwèt Fondasyon Kole Zepòl. Se yon Bank Altènativ ki la pou kore òganizasyon moun pòv yo ann Ayiti. Se pi gwo enstitisyon mikwofinans ki ekziste nan peyi a, e ki ofri tout moun (Ayisyen kou Etranje) plizyè sèvis finansye, espesyalman moun k ap viv andeyò yo. Fonkoze ap goumen kont pwoblèm moun pa konn li ak ekri ann Ayiti atravè pwogram edikasyon li an ki se premye pami lòt yo; pwogram sa a marye fòmasyon baz alfabetizasyon an ak edikasyon pratik ki baze sou sijè tankou jesyon biznis ak sante. Fonkoze ak konpayi asirans Alternative Insurance Company mete tèt yo ansanm nan lane 2008 pou yo pote yon nouvo pwodwi mikwo asirans ki pèmèt ti komesan yo konbat lamizè.

 

 

facebook-logo twitter-logo