PROTECTA Se yon Asirans kap ede fanmi nan peyi Dayiti fè fas ak depans antèman si moun ki te asire yo ta rive mouri. Lap travay ak pi bon antrepriz finerè nan peyi a ki lakòz AIC genyen yon rezo ponp finèb djanm kap garanti bon jan sèvis pou tout asire li yo. Moun kap viv an Ayiti kapab enskri nan youn nan 5 plan Protecta sa yo
PROTECTA INTERNATIONAL se yon pwogram Protecta pote pou ayisyen kap viv lòt bò dlo, pou ede yo soutni proch yo kap viv an Ayiti avèk pwodwi asirans lantèman sa a. Pwogram sa a ke Alternative Insurance Company pote ban ou ap pèmèt nou fè fas a depans san atann lanmò yon fanmi oswa yon prò ka pote. Ou kapab enski nan asirans sa a sou sit intènèt sa a, nan biwo Alternative Management Solutions, reprezantan nou nan peyi ozetazini lamerik, oswa nan rezo vant Protecta a. Pou ou Soutni Fanmi'w kap viv an Ayiti, chwazi plan International Protecta a kounye a.